
KONPREYANSYON SOU ÈD IJANS KONGRÈ PEYI BREZIL APWOUVE A:
- KISA ÈD IJAN LA YE?
LI SE YON ÈD R$ 600,00 OTORITE YO AB BAY PANDAN 3 MWA AK MOUN KI GEN PLIS BEZWEN YO, PANDAN PERYÒD PANDEMI CORONAVIRUS LA.
2. KILÈS KI GEN DWA AK ÈD IJANS SA?
SE MOUN KI RANPLI KONDISYON SA YO, TANKOU:
- MOUN KI GEN PLIS PASE 18 LANE;
- MOUN KI PA GEN YON TRAVAY FÒMÈL;
- SILA YO KI PAP BENEFISYE ASISTANS GOUVÈDMAN;
- SILA YO KI PA GEN ASIRANS TRAVAY;
- MOUN KI PAP BENEFISYE TRANSFÈ LETA FEDERAL (EKSEPTE MOUN KI GEN BOUS FANMI);
- SILA YO KI TE RESEVWA SALÈ ANYÈL EGAL AK R$ 28.559,70, NAN ANE 2018;
- FANMI KI GEN YON MOUN KAP TOUCHE JISKA R$ 522,50 OU KI GEN YON SALÈ MANSYÈ POU TOUT FANMI NA KI EGAL AK R$ 3.135,00.
3. MOUN SA BEZWEN RANPLI YOUN NAN KONDISYON SA YO TOU:
- MOUN KAP TRAVAY AK TÈT YO;
- MOUN KI KONN PEYE PANSYON;
- MOUN KAP TRAVAY NAN SEKTÈ ENFÒMÈL, MEN KI ANREGISTRE NAN CadÙnico;
- SI MOUN LAN PAKO ENSKRI, LI KAP ALE SOU SIt ENTÈNÈT CadÙnico POU LI DEKLARE SA.
- SILA YO KI KA PWOUVE KE YO TAP RESEVWA YON SALÈ MWAYEN KI EGAL AK MWATYE SALÈ MINIMÒM JISKA 20 MAS 2020.
4. KONDISYON ESPESYAL:
- FANM KI PA GEN MARI, EPWI K AP OKIPE KAY, GEN DWA AK DOUB (2 FWA) ÈD IJANS SA, KI SE R$1.200,00;
- 2 MOUN KI NAN MENM FANMI E KI TAP RESEVWA BOUS FANMI, KAPAB TOUJOU RESEVWA ÈD IJANS SA TOU.
5. NAN KA FANMI YO:
- SÈLMAN 2 MOUN NAN MENM FANMI KI KAPAB RESEVWA ÈD IJANS LA.
6. KIJAN PÈMAN YO AP FÈT?
- FÒK MOUN LAN GEN YON KANÈ NAN YOUN NAN BANK LETA YO (BANCO DO BRASIL OSNON CAIXA ECONÔMICA FEDERAL);
- POU SILA YO KI PAKO GEN KANÈ BANK LA, DEPI NON-LI SOTI NAN LIS BENEFISYÈ YO, KONT LA AP TOU OUVRI OTOMATIKMAN NAN YOUN NAN BANK LETA YO;
- MOUN SA PAP BEZWEN PEYI TAKS POU KANÈ BANK LAN
- MOUN SILA YO AP GEN DWA AK YON TRANSFÈ ELEKTWONIK GRATIS CHAK MWA.
7. KIJAN NOU KAPAB FÈ ENSKRIPSYON POU NOU RESEVWA ÈD SILA?
- PISKE KONGRÈ NASYONAL LA DEJA APWOUVE PWOJÈ A, LI RETE POU POUVWA EKZEKITIF LA, POU LI BAY DETAY SOU KIJAN ENSKRIPSYON AN AP FÈT (RET BRANCHE).